Travay WRC
Metòd Travay WRC
Travayè yo se sous enfòmasyon ki pi fyab nan nenpòt espas travay. Se pou rezon sa a nou itlize travayè yo kòm sous santral nan metòd envestigasyon ak ankèt WRC yo. WRC fè entèvyouve a travayè yo an deyò espas travay yo, epi san konesans oswa patisipasyon jeran faktori yo. Metòd sa a, se yon fason pou travayè yo ka pale ouvètman epi san laperèz de reprezay. Lè mak rad enspekte faktori ki fè rad pou yo a, yo souvan pale ak travayè yo andedan faktori yo. Akoz de sa, yo resevwa yon ti kras oubyen zero enfòmasyon nan men travayè sou kondisyon travay nan faktori yo. Metòd WRC a pèmèt WRC dekouvri tout abi dwa travay ke mak rad yo ak òganizasyon enspeksyon yo inyore regilyèman an envestigasyon ke yo fè.
WRC genyen yon ekip de envestigatè ki konstwi yon bon rezo relasyon ak sendika, gwoup dwa imen, òganizasyon fanm, epi lòt gwoup sosyete sivil atravè nan plizyè peyi nan mond lan. Nan kad travay nou yo, WRC pibliye rapò piblik ki byen detaye sou rezilta envestigasyon nou fè nan faktori nou envestige yo. Nou pibliye tou repons mak rad yo, machan rad, ak pwopriyetè faktori yo de rezilta envestigastion sa yo. WRC ankouraje mak rad ak faktori rad atravè mond lan pou aplike aksyon korektif ki enpòtan a respons envestigasyon nou yo: tankou peye travayè yo lajan ke yo dwe yo, reyenstale travayè yo le yo revoke yo nan fason ki enjis, epi amelyorasyon sekirize batiman faktori ke travayè yo ap travay yo.
Ann Avanse a yon Chanjman Sitematik nan chèn Pwodiksyon yo
Efò WRC yo ede idantifye rezon ak kòz abi dwa travayè yo nan chèn pwodikson rad nan faktori nan mond lan. Nou ekspoze inefikasite plan enspektif ke mak rad yo sibvansyone pou pou tèt pa yo, epi nou fòme deba piblik sou chemen refòm otantik konsènan dwa travayè.
Reyalize pi bon kondisyon travay nan chèn pwodiksyon faktori yo mande yon refòm sistemik: Nou dwe ranplase pwomès volontè mak rad yo pou fè enspeksyon ak mennen envestigasyon nan faktori yo ak bon akò legal ki gen pou fè respekte dwa travayè yo atravè mond lan, epi oblije mak yo mete fen ak abi ke travayè yo ap sibi. Nou etabli bon jan estrateji pou avanse ajanda sa a.
Nou(WRC) jwe yon wòl kle nan devlope ak lanse kèk nan inisyativ dwa travay ki pi inovatif ak efikas nan dènye dizan ki sot pase yo, tankou akò sou zafè vyolans ak arasman ki baze sou sèks ki kouvri tout mendèv Nien Hsing nan Lesoto, akò obligatwa sekirite bilding faktori yo nan Bangladèch ak Pakistan, ak akò sendika-jesyon ki kouvri tout mendèv Fruit of the Loom nan Ondiras ki garanti dwa pou travayè òganize ak negosye.