Envestigasyon nan Faktori yo
Nan ane 2025 nan angajman ke WRC te pran ak achtè rad yo ki afilye ak inivèsite yo, nou te arive jwenn re-anbochman epi peman pou nèf(9) travayè Ayisyen ke yon faktori yo rele Hansae, ki sityel nan vil Pòtoprens nan peyi Ayiti, te revoke ant ane 2022 ak 2023. Hansae te revoke travayè sa yo paske yo te dirije oswa patisipe nan yon manifestasyon kont salè povrete ke yo ap sibi nan peyi Ayiti. Revokasyon travayè yo akoz de pastisipasyon yo nan manifestasyon an se yon kontravasyon kont libète asosiyasyon travayè yo.
Faktori rad ke yo rele Horizon Manufacturing ki sitiyel nan vil Pòtoprens nan peyi Ayiti te fèmen pòt li nan mwa Avril 2022. Lè faktori a te deside sispan travay li yo, pwopriyetè faktori a te deside poul pat peye anvirron 532 travayè ki tap travay nan faktori plis pase $300,000 benefis revokasyon ke yo ta sipoze peye travayè yo selon jan lalwa peyi Ayiti egzije. Vyolasyon injis ke pwopriyetè faktori a te fè a te vin arive rezoud lè achtè nan prensipal nan faktori a ki pote non “Edwards Garment ak Aramark Uniform Services” te bay yon kontribisyon imanitè pou te distribye ak travayè yo nan mwa Desanm 2023 ak Janvye 2024. WRC nan wòl li kòm enspektè pou konfòmite ak òdonans Sweat Free Procurement pou vil Los Angeles nan Etazini te mennen yon ankèt sou vyolasyon ki te fèt nan Horizon Manufacturing pou te korije vyolasyon say o.
2023
Nan mwa ki te Novanm 2023, Premium Apparel te fèmen pòt li epi li pat peye travayè li yo indemnité ak lòt benefis tèminal ke yo ta sipoze peye yo selon lalwa peyi Ayiti. Achtè prensipal nan faktori a ki se te Gildan (ki achte rad ki pa make pou lisansye inivèsite ke yo rele New Agenda), san pèdi tan, te pran angajman pou peye konplètman indemnité ak lòt benfis ke Premium Apparel te dwe travayè yo. Nou te distribye kontribisyon Gildan nan ki te apeprè $700,000 bay travayè yo nan mwa Janvye 2024.
2021
WRC te mennen yon envestigasyon pou nou te jwenn yon solisyon ki jis konsènan revokasyon ilegal prèske 50 travayè ki te fèt nan faktori Premium Apparel. Revokasyon sa yo te enklide prèske tout lidè sendika ak aktivis ki tap travay nan faktori a. Revokasyon yo te fèt an Jiyè 2020 aprè yon pwotestasyon san vyolans pa travaye yo pou te revandike kont desizyon Pemium Apparel te pran pou revoke kèk travayè ke Premium Apparel te rele nan yo ofis pou ke yo travay kòm salerye jounen. WRC te rantre an komikasyon ak achtè prensipal faktori a ki se Gildan Activewear-ki fè rad kolèj ak Inivèsite pou lisansye “New Agenda ak Top of the World” (apre vyolasyon sa yo te rive, lisansye ke yo Fanatics, Inc te achte li 2 lisansye nou fèk site yo). Daprè kòd kondwit ke inivèsite yo siyen ak lisansye yo, epi daprè nòm travay entènasyonal yo nenpòt travayè ke yo revoke pou aktivite asosyasyon sivik gen dwa pou mande reyenstalman yo nan travay yo ak mande pou yo peye yo salè pou diran tout tan ke yo te sibi revokasyon an. Sepandan, nan mwa Jen 2021, travayè ke faktori a te revoke yo te di WRC ke, akòz anpil tan ki te pase depi revokasyon an yo deside pou pa retounen travay nan faktori a ankò, men yo te toujou vle pou faktori a konpanse yo jan la lwa dil paske yo te revoke yo ilegalman.
Travayè yo te revoke yo ak lidè sendika yo te rankontre ak manadjè Premium Apparel epi tout moun te siyen yon pwotokòl dakò pou peye 47 travayè ki te revoke yo. Peman sa yo te ekivalan ak apeprè 8 mwa salè pou chak travayè sa yo. WRC te detèmine ke kantite lajan ke faktori a te peye travayè yo pat ase. Paske travayè yo te deside pat retounen nan travay faktori a non sèlman Premium Apparel te dwe peye travayè yo pou tan yo te chita revoke a, men dwe peye yo tou lajan peman indemnite akoz de revokasyon ilegal la. Akoz de angajman WRC te pran ak Gildan, Premium Apparel te vin dakò peye travayè yo yon peman adisyonèl ke li te dwe peye yo pou te rezoud vyolasyon libète asosyasyon travayè yo nan faktori a. Faktori Premium Apparel te pran angajman pou fè peman sa yo, ki te ekivalan a prèske ak13 mwa salè pou chak anplwaye, nan dat ki te 30 Out 2021.
2017
Depi ane 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsènan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan salè minimum legal ke yo dwe peye travayè yo. Nan yon nouvo rapò ke WRC te fè, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal salè minimòm nan faktori rad sa yo fè sou travayè yo ak fanmi yo ki fè pati de moun ki pi pòv nan mond lan. Faktori yo vòlè pou tèt pa yo plis pase mwatye salè legal ke travayè yo ta dwe touche pou chak peryòd peman. Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travayè yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsè nan salè minimòm nan. Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak sale minimòm yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo . Akoz de rapò ke WRC te pibliye a achtè prensipal an Ayiti yo ki se Premium Apparel, Gildan Activewear te pran angajman pou te fè ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo ak lwa konsènan de salè minimòm nan peyi a. Anplis de sa, Gildan Activewear te pran aganjman pou negosye dirèkteman ak reprezantan travayè yo an Ayiti pou te peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo.
Nan yon ankèt ke WRC te mennen an Ayiti, nou te jwenn ke te genyen kèk ka de vyolasyon ak arasman seksyèl kont omwen 2 travayè fanm epi revanj kont 2 travayè sa yo paske yo te reziste abi sa yo. Volasyon sa yo te fèt nan yon faktori rad an Ayiti ke yo Mazava Hispaniola. Mèt faktori a sa se yon konpayi ke yo rele Winds Group, ki bazel nan Hong Kong. Ankèt WRC a te jwenn ke yon manadjè nan faktoria te komèt aksyon ilegela ki baze sou sèks. Manadjè a te fè pwopozisyon seksyèl a 2 travayè fanm sa yo; fè kòmantè seksyèl degradan nan travay avèk yo; epi menase travayè yo, epi menm arive revoke yo paske yo te rejte avansman seksyèl manadjè yo. WRC te antre an kontak ak faktori a konsènan de vyolayasyon sa yo epi li te kominike ak faktori a ke yo dwe repran travayè yo nan travay la, peye yo salè konplè pou tan ke yo te pase revoke yo, epi pran mezi pou asire pwoteksyon travayè yo kont vyolans ak abi ki baze sou sèks.
Pandan peryòd ke WRC a te antre an kominikasyon ak faktori a epi achtè yo pou te rive rezoud vyolasyon sa yo, Mazava Hispaniola te anonse ke li tap sispann tout operasyonl yo an Ayiti. Faktori a te fèmen pòt li konplètman pandan mwa Oktòb 2023. Tout travayè ki tap travay nan faktori a nan moman fèmti faktori a te resevwa tout benefis tèminal ke yo ta dwe resevwa daprè lalwa.
Lè faktori te fèmen pòt li a WRC te pwopoze rekòmandasyon pou ke achetè rad nan faktori kontribye pou peye travayè yo benefis legal yo. Achtè prensipal nan faktori a ki se SanMar Corporation te refize konfòme a rekòmandasyon sa yo. Youn nan lisansye inivèsite yo ke yo rele Gorilla Marketing, ki pat menm gen okenn asosiyasyon ak Mazava Hispaniola te dakò pou yo te fè yon kontribisyon imanitè a chak nan 2 travayè yo pou rezoud dosye a. Nou te transfere kontribisyon sa yo bay travayè yo nan mwa ki te Novanm 2023.
Ant ane 2020–2021, WRC te mennen yon ankèt sou echèk kwonik faktori rad Ayisyen yo pou yo te fè kontribisyon obligatwa sistèm pansyon swen sante piblik peyi a. Echèk sa yo te kontribye nan lanmò 2 travayè ki ki te ka evite si yo te kapab jwenn tretman medikal yo ta sipoze jwenn pou sove lavi yo. Yon ankèt ke WRC te mennen te jwenn ke faktori- Palm Apparel and Sewing International (SISA)- kote 2 travayè sa yo te travay yo te responsab pou bay yon konpansasyon a fanmi 2 travayè ki te mouri yo paske te gen prèv ki montre ke echèk faktori yo pou te fè kontribisyon obligatwa ak ajans swen sante yo se te youn nan faktè ki te kontribiye nan lanmò 2 travayè sa yo . WRC te rantre an kominikasyon ak Gildan Activewear, ki se te youn nan achtè nan tou 2 faktori sa yo. E kòm rezilta angajman sa a, pwopriyetè tou 2 faktori yo te dakò pou bay fanmi travayè ki mouri yo yon konpansasyon pou rekonèt ak korije neglijans sa yo.
An 2023, Palm Apparel te korije kèk nan lòt vyolasyon dwa travayè yo. Nan ane 2021, faktori a fèmen youn nan izin li yo. Faktori a te ofri kèk nan travayè yo nan izin ki te fèmen an opòtinite pou yo te transfere nan dezyèm izin yo a. Nan yon ankèt ke WRC te mennen, nou te jwenn ke faktori a te komèt vyolasyon kont libète asosyasyon paske lè te li fèmen youn nan izin li yo li te refize ofri lidè sendika yo menm opòtinite pou ke yo te transfere nan dezyèm izin an. Apre WRC ak achtè a Palm Apparel yo te antre an kontak konsènan dosye vyolayon sa yo, Palm Apparel te dakò pou peye 19 lidè sendika ki te afekte pa dezisyon sa a, epi yo te deside transfere travayè sendika sa yo nan dezyèm izin nan.
Nan ane 2022, WRC te mennen yon envestigasyon kote te jwenn ke yon yon faktori kap travay an Aiyiti ke yo rele Centri Group te volye libète asosiyasyon travayè nan faktori a pa revoke 64 travayè. Faktori a te revoke travayè sa yo paske li te akize yo kòm moun ki te reponsab de yon gwo manifestasyon ki te fèt kote travayè yo tap pwoteste kont faktori a pou li te peye yo lajan overtime yo jan lalwa peyi Ayiti mande. Aprè ke WRC te rantre an kontak avèk achtè nan faktori sa a, ki se te Gildan, nan mwa ki te Me 2023 Centri Group te dakò pou korije vyolasyon sa a. Centri Gwoup te pran responsabilite poul peye travayè yo pou tout tan yo te fè revoke yo epi yo te deside tou pou kite travayè yo reprann plas travay yo nan faktori a.
Vald’or yon faktori ki fè rad ki sityel nan vil Pòtoprens an Ayiti te deside fèmen pòt li nan mwa ki te Janvye 2022. Faktori sa ki soti nan peyi Ozetazini te deside poul pat peye plis pase 1,100 travayè lajan ke li ta sipoze peye yo selon lalwa Peyi Ayiti nan moman ke faktori a te femen pot li a. Vald’or tou pat peye lòt lajan ke li te dwe peye kèk ajans gouvènmantal; tankou kòb pansyon ak asirans sante ke li dedwi nan chèck travayè yo men yo te deside pat janm voye kòb sa yo bay ajans sa yo. WRC te antre an kontak ak achtè nan yon faktori ke yo rele PVH konsènan vyolasyon sa yo, epi PVH te dakò poul te fè yon kontribisyon imanitè de $968,000 pou te ka distribye bay travayè yo kòm konpansasyon pou kòb ke faktori a te dwe peye kòm indemnité le faktori te fèmen pòt li yo, epi tou ranbouse ajans gouvènmenetal yo pou kontribisyon sante ak pansyon ke faktori a te vòlè pou yo a. Distribisyon sa yo te fèt a travayè yo nan mwa ki te Janvye 2023.
GO Haiti (Garments of Haiti) (2022)
Nan fen mwa Out 2022, plis pase 800 travayè nan yon faktori rad an Ayiti ke yo rele “GO Haiti” te resevwa chèk indemnité ki te totalize a $330,000, ki te ekivalan a twa mwa salè travay pou chak travayè yo. Lajan sa a te peye pa yon konpayi ke yo rele Hanesbrands. Se yon konpayi rad ki baze Ozetazini ki te achtè prensipal nan faktori sa a ke yo rele GO Haiti a. Hanesbrands te enfòme WRC a ke li tap peye tout lajan ke pwopriyetè faktori Go Haiti te dwe travayè yo. Yo te fè sa nan yon fason pou asire ke travayè ki pwodwi machandiz li yo resevwa tout salè obligatwa legal yo selon lalwa peyi Ayiti.
Sewing International S.A. (SISA) (2021)
Ant ane 2020-2021, WRC te mennen yon envestigasyon konsenan ki tr montre ke genyen yon vyolasyon kronik pa faktori rad an Ayiti yo pou fè kontribisyon ki obligatwa ak ajans sante piblik ak sistèm pansyon nan peyi Ayiti. Echèk sa a te kontribye nan lanmò 2 travayè ki te ka evite paske yo pat kapab jwenn aksè ak tretman medikal pou yo sove lavi yo. Envestigasyon ke WRC te mennen an te jwenn ke faktori kote 2 travayè sa yo te anplwaye a ki se te “Palm Apparel ak Sewing International (SISA)”, te dwe pran responsabilite pou fè yon konpansasyon ak fanmi travayè ki te mouri yo paske te gen prèv ki montre ke echèk faktori sa yo pou te fè kontribisyon obligatwa legal yo ak ajans gouvènmenetal pou swen sante yo te youn nan pi gwo faktè ki te kontribiye nan lanmò 2 travayè sa yo. WRC te antre an kontak ak Gildan Activewear, ki te youn nan achtè prensipal nan faktori sa yo. Kòm rezilta angajman sa a, pwopriyetè tou le 2 faktori yo, Palm Apparel Group, te dakò pou bay fanmi travayè ki mouri yo yon konpansasyon finansye pou rekonèt neglijans yo ki te koz lanmò 2 travayè sa yo. Pou asire pa gen okenn lòt domaj fatal ki rive a travayè kap travay nan pwodiksyon rad ki founise lisansye inivèsite yo, WRC antreprann yon efò pou evalye lòt faktori rad an Ayiti ki afiliye ak tout lisansye inivèsite yo. Evaliyasyon sa yo gen pou asire ke faktori yo fè kontribisyon obligatwa legal yo ak ajans gouvenmenetal pou swen sante ak pansyon an Ayiti yo. WRC gen pou yon fè rapò sou rezilta evaliyasyon sa yo, epi mande faktori yo pou korie nepòt pwoblèm ke yo ta jwenn.
Multiwear yon faktori rad ki sityel nan vil Pòtoprens Ayiti te deside fèmen pòt li nan dat ki te 15 Mas 2016. Nan dat ke Multiwear te fèmen pòt li a, li te gen anviron 2000 travayè ki te reprezante pa 3 endepandan sendika. Pandan fèmti faktori a, WRC te antre an kontak ak manadjè faktori epi achtè prensipal nan faktori a, ki se HanesBrands, pou asire ke dwa legal travayè yo te respekte epi tou pou fe ke faktori a angaje nan bon dyalòg ak reprezantan travayè yo pou yo te ka byen negosye kondisyon fèmti faktori a. Akoz de angajman sa yo, faktori a te dakò pou peye travayè yo indemnité ki te plis pase kantite lajan ke lalwa egzije an Ayiti, epi faktori te bay travayè yo opòtinite pou yo kontinye travay nan yon nouvo izin ke pwopriyetè Multiwear Richard Coles te fèk ouvè an Ayiti.
Avan ke Multiwear te fèmen pòt li WRC te pran pozisyon pou rete angaje ak Multiwear epi achtè prensipal nan faktori a konsènan obligasyon pou yo peye travayè yo sale minimòm ke lalwa peyi Ayiti mande pou yo peye yo. WRC te pran angajman sa a aprè ke nou te pibilye yon rapò ki te demontre vyolasyon andemik pa plizyè faktori an Ayiti, kote yo pat peye salè minimòm ke lalwa peyi Ayiti mande pou yo peye a travayè yo. WRC te jwenn siksè lè li te mande HanesBrands pou li fè ke founisèl yo oubyen faktori ki travay pou li yo peye travayè yo salè minimom ke lalwa Ayiti mande pou li peye travayè yo. Akoz de angajman sa a Multiwear te deside ogmante salè li yo, faktori a te vin konfòme yo ak salè minimòm peyi Ayiti, epi nou, WRC, te negosye yon akò an 2014 ki te dikte kondisyon pou peye travayè yo sale minimòm yo, epi egzije peman apeprè $4,200 nan salè ke faktori a te dwe peye travayè yo le li pat konn peye yo salè minimòm yo.
Nan yon evalyasyon ke WRC te fè nan BKI, nou te idantifye ke faktori a pat konfòmite yo ak Òdonans sa yo: (1) salè ak èdtan travay, (2) abi (3) ak neglijans sante ak sekirite nan travay.
Depi ane 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsènan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan salè minimum legal ke yo dwe peye travayè yo. Nan yon nouvo rapò ke WRC te fè, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal salè minimòm nan faktori rad sa yo fè sou travayè yo ak fanmi yo ki fè pati de moun ki pi pòv nan mond lan. Faktori yo vòlè pou tèt pa yo plis pase mwatye salè legal ke travayè yo ta dwe touche pou chak peryòd peman.
Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travayè yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsè nan salè minimòm nan. Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak sale minimòm yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo. Akoz de rapò ke WRC te pibliye a kek achtè kle an Ayiti tankou Gildan Activewear ak Fruit of the loom te pran angajman pou te fè ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo lwa konsènan de salè minimum pey, epi peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo. Men gen yon faktori ke yo rele One World Apparel ki pa vle rantre an konplayans ak mezi de jistès konsènan de peman salè minimòm sa yo.
Global Manufacturers & Contractors (2013)
Depi ane 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsènan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan salè minimum legal ke yo dwe peye travayè yo. Nan yon nouvo rapò ke WRC te fè, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal salè minimòm nan faktori rad sa yo fè sou travayè yo ak fanmi yo ki fè pati de moun ki pi pòv nan mond lan. Faktori yo vòlè pou tèt pa yo plis pase mwatye salè legal ke travayè yo ta dwe touche pou chak peryòd peman Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travayè yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsè nan salè minimòm nan. Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak sale minimòm yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo. Akoz de rapò ke WRC te pibliye a kek achtè kle an Ayiti tankou Gildan Activewear ak Fruit of the loom te pran angajman pou te fè ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo lwa konsènan de salè minimum pey, epi peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo. Men Hanes, achtè prensipal nan yon faktori ke yo rele Global Manufacturers & Contractors pa vle rantre an konplayans ak mezi de jistès konsènan de peman salè minimòm sa yo.
Nan mwa Desanm 2011 ak Janvye 2012, 4 lidè sendika ki te revoke ilegalman pa faktori Genesis, S.A. te rejwenn travay yo anko akoz ke achtè presipal nan faktori a ki rele Gildan Activwear te mande pou repran travayè yo nan travay yo. Nan dat ki te 16 Septanm 2011, yon nouvo sendika ke yo rele “Sendika Ouvriye Takstil ak Abiman” (SOTA) te kreye ak resevwa otorizasyon pou reprezante travayè nan endistri rad ak twal ann Ayiti. Yo te anonse piblikman, plan pou fè yon kanpay pou pi bon salè ak kondisyon travay pou travayè rad an Ayiti. Travayè nan faktori rad an Ayiti se youn nan endistri kote travayè rad resevwa youn nan salè ki pi ba nan mond lan, epi fè fas ak kèk kondisyon travay ki pi di an konparezon de lòt endistri rad nan mond lan. Apreprè de semèn, aprè kreyasyon SOTA 3 faktori te revoke 6 nan 7 lidè nouvo sendika sa a, epi fè presyon sou yo pou yo demisyone. 4 nan lidè sendika sa yo te revoke nan yon faktori ke yo rele Genesis S.A. Reprezay faktori sa yo kont travayè yo pou tèt aktivite sendikal yo se yon vyolasyon estanda entènasyonal konsènan dwa travayè, epi li se yon vyolason kòd kondwit inivèsite yo ak lwa peyi Ayiti.
Yon rapo envestigasyon pa WRC te jwenn ke revokasyon se te reprezay kont aktivite sendikal pa faktori a. Yon lot rapo envestigasyon pa Better Work Haiti ke OIL/IFC te sponsorize te jwenn menm konklizyon. Akoz de rapo sa yo, Gildan ak Hanes te mande faktori a pou repran travaye yo.Anplis de sa, envestigasyon WRC a te dokimante vyolasyon ki te genyen pou we ak sale minimom nan faktori Gensis, S.A. Depi an 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsenan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan de salè minimum legal ke yo dwe peye travaye yo.
Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travayè yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsè nan salè minimòm nan. Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak sale minimòm yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo Akoz de rapò ke WRC te pibliye a achtè prensipal nan faktori Genesis S.A ke yo rele Gildan Activewear te pran angajman pou te fè ke tout faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo ak lwa konsènan de salè minimum peyi a, epi peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo. Anplis de sa, Gildan Activewear te pran aganjman pou negosye dirèkteman ak reprezantan travayè yo ann Ayiti pou te peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo.
Caracol Industrial Park (2013)
Depi an 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsenan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan de salè minimum legal ke yo dwe peye travaye yo.
Nan yon nouvo rapò ke WRC te fè, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal salè minimòm nan faktori rad sa yo fè sou travayè yo ak fanmi yo, ki fè pati de moun ki pi pòv nan mond lan. Faktori yo vòlè pou tèt pa yo plis pase mwatye salè legal ke travaye yo ta dwe touche pou chak peryòd peman. Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti sa yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande peyi Ayiti mande pou peye travaye yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsenan salè minimum nan.
Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak salè minimum yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo , fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo.
Akoz de rapò ke WRC te pibliye plizyè achtè kle an Ayiti tankou Gildan Activewear ak Fruit of the loom te pran angajman pou te fè ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo lwa konsènan de salè minimum pey, epi peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo. Men achtè yo ki nan pak indistriyel ki nan Caracol an Ayiti pa vle rantre an konplayans ak mezi de jistès konsènan de peman salè minimòm sa yo.
Aprè anpil efo nou te fè diran 2an pou te korije vyolasyon dwa travaye yo, group ke yo releM/Codevi a te transfome tèt li konplètman pou amelyore sitiyasyon travaye yo nan faktori a. Jan nou detayel, amelyorasyon sa yo enkli sispann vyolasyon dwa asosyasyon travayè yo, rekonèt dwa sendika endepandan yo, ak negosyasyon akò negosyasyon kolektif – akò sa a se yon nivo konfòmite ak kòd konduit ak estanda entènasyonal sou libète asosyasyon ki vreman ra nan peyi Ayiti.