Angajman ke WRC te pran ak gwo mak rad nan peyi Etazini te mennen a re-anbochman, epi peman plis pase 2 an salè a kèk travayè Ayisyen ke yon faktori te revoke paske travayè yo tap pwoteste kont salè povrete nan peyi Ayiti.

Angajman WRC te pran ak gwo magazen ki vann rad nan peyi Etazini te garanti re-anbochman ak peman salè konplè pou 9 travayè ke yon faktori rad nan vil Pòtoprens, nan peyi Ayiti te revoke ant ane 2022 ak 2023. Yo te revoke travayè sa yo paske yo te dirije oswa patisipe nan yon manifestasyon kont salè povrete ke yo ap sibi nan peyi Ayiti. Travayè rad an Ayiti yo fè pati de travayè ki resevwa salè ki pi ba nan mond lan. Se yon kondisyon ki toujou ap pèsiste an menm tan ke travayè sa yo ap goumen chak jou pou siviv gwo kriz politik ak ekonomik nan peyi Ayiti.

WRC te jwenn nan envestigasyon ke li te mennen ke desizyon faktori a pou li te revoke 9 travayè yo te vyole dwa ak libète asosiyasyon travayè yo, yon desizyon ki an kontravansyon ak lwa travay nan peyi Ayiti, estanda travay entènasyonal yo, ak kòd konduit achtè ak lisansye ki afilye ak inivèsite yo. Nan ane 2022, faktori a te revoke 7 travayè paske yo tap pwoteste kont saèl minimòm nan ki two ba nan peyi Ayiti. Nan ane 2023, faktori a te revoke 2 lot travayè. Revokasyon sa yo se te yon reprezay paske travayè sa youn nan travayè yo te mennen yon manifestasyon kont salè minimòm nan peyi a epi paske yuon nan travayè yo te jwenn youn nan sendika endepandan nan peyi a. Aprè jesyon faktori a te refize re-anboche travayè yo nan faktori a, WRC te kontakte magazen rad ameriken yo ki achte rad nan faktori a. Li te mande yo pou mande pwopriyetè faktori a, Hansae Trading, pou te ranvèse desizyon yo te pran konsènan de revokasyon sa yo, ki te vyole kòd kondwit afilye ak founisè inivèsite yo.

De(2) nan magazen rad sa,Target ak Gap, te konfime a WRC ke yo te mande Hansae pou yo te ranvèse desizyon revokasyon yo a epi peye travayè yo salè konplè pou tan yo te fèvchita revoke yo. WRC te kontakte Walmart, youn nan achtè ki achte rad nan faktori Hansae yo, men Walmart pat fè nou konnen si li te mande Hansae pou li te korije desizyon yo te pran konsènan revokasyon yo.

Nan dat ki te 27 janvye 2025, Hansae te fè pran desizyon poul te re-anboche tout nèf travayè yo epi answit peye yo salè yo pou peryòd tan yo te revoke yo nan faktori a. Sèt nan nèf travayè yo te resevwa plis pase 2 an edmi nan salè. Lòt 2 travayè yo te revoke nan mwa ki te Me 2023, te resevwa plis pase yon ane edmi salè.

Rezilta sa a montre ke menm nan move sikonstans ak kriz politik, ke bon jan ankèt apwofondi konsènan abi nan travay yo, epi bon jan angajman gwo mak rad yo-ki afilye ak invèsite yo- pran pou siptòe dwa travayè nan mond lan gen ase de fòs pou ede travayè nan mond lan pou yo defann dwa yo epi konbat kont salè povrete ke yo ap sibi.