Akò Entènasyonal sou Sekirite

Bangladèch se katriyèm pi gwo ekspòtatè rad nan peyi Etazini. Sektè rad li a reprezante 80 pousan ekspòtasyon peyi epi sektè a anplwaye plis pase 3.5 milyon travayè. Travayè sa yo fè fas ak youn nan pi move kondisyon nan endistri rad nan mond lan. Kondisyon sa yo gen ladan salè ki ba, arasman vèbal ak fizik, reprizay lè travayè mande pi bon kondisyon travay, epi kondisyon ki trè danjere nan bilding faktori yo.

Depi ane ki te 2005 kondisyon danjere faktori sa yo trajikman touye prèske 2,000 travayè nan peyi Bangladèch nan dife ak katastwòf ki gen rapò ak strikti konstriksyon bilding sa yo—tout katastwòf sa yo te kapab te kapab epanye. Nan mwa ki te Avril 2013, 1,134 travayè te mouri nan yon faktori nan peyi Bangladèch lè yon bilding fatori ke yo rele Rana Plaza te tonbe. Se te pi gwo dezas mòtèl nan listwa endistri rad nan mond lan. Faktori nan Rana Plaza tap pwodui pou plizyè gwo mak rad ak machann rad, tankou JCPenney, The Children’s Place, ak Walmart. Anpil nan konpayi sa yo te fè esnpeksyon bilding faktori a nan mwa avan nan efondreman bilding nan—poutan enspeksyon sa yo te echwe nan idantifye ak korije vyolasyon sekiritè striktirèl ki ta mennen a dezas sa.

Yon Nouvo Metòd

Lè Rana Plaza te efondre an 2013, WRC te deja ap travay pou plizyè ane pou konsyantize mak rad yo pou chanje fondamantalman apwòch yo konsènan risk dife ak sekirite bilding faktori yo nan Bangladèch. Se te yon fason pou te mete nan lòd ak pote amelyorasyon sekirite a bilding faktori ki ap pwodwi rad pou yo a. Move près apre katastwòf la te fòse mak rad yo tounen sou tab negosyasyon an avèk nou, epi WRC ak alye li yo te finalman reyisi konvenk mak rad yo pou
yo siyen yon akò obligatwa ki rele: Akò Istorik sou Sekirite Konstriksyon ak Dife nan Bangladèch. Akò sa a premye akò modèn legal obligatwa ant travayè, manadjè faktori, ak konpayi mak rad yo ki mande pou mak rad ak machann rad:

  • Ouvè faktori yo ak yon enspeksyon ki konplètman endepandan a enjenyè ak ekspè ki kalifye pou sa.
  • Pèmèt ke rezilta enspeksyon sa yo rapòte piblikman, epi valab yon baz done ke moun ka fè rechèch.
  • Ede peye pou renovasyon konstriksyon sekiritè ki esansyèl.
  • Sispann fè biznis komèsyal ak nenpòt faktori ki pa fè reparasyon konstriksyon ki nesesè pou sekirite travayè yo nan faktori a.

Anplis de sa, akò a souliye yon mekanis plent kote travayè yo ka rapòte vyolasyon sekiritè biding nan faktori yo.Akò gen ladanl tou yon mekanis ranfòsman kote yo ka mennen aksyon legal kont tout faktori siyatè ki pa konfòme yo.

Akò sa a reprezante yon chanjman fondamantal nan fason faktori yo adrese vyolasyon sekirite konstriksyon nan faktori ki ap fè rad yo. Pwogram volontè ki te dirije pa gwo kòporasyon yo te manke mekanis ranfòsman ak transparans. Dapre akò sa a mak rad ak machann rad yo legalman responsab pou asire travayè yo ki fè rad yo travay nan kondisyon ki an sekirite.

Akò a Jodi a

Prèske 200 mak rad ak machann rad te siyen akò 2018 la, akò orijinal la te pwolonje pou twa ane anplis. Mak rad ki se siyatè yo enkli twa nan kat pi gwo mak ak machan rad nan mond lan—H&M, Inditex, ak UNIQLO. Ansanm, mak sa achete nan men plis pase 1,600 faktori nan Bangladèch, ki anplwaye ansanm plis pase de milyon travayè.

Enspeksyon nan faktori sa yo te dekouvri prèske 130,000 vyolasyon kontriksyon, soti nan domaj striktirèl rive nan move wout ki pa byen bati pou sove si ta gen dife. Nan moman sa a, majorite danje sekirite sa yo ranje.

Nan dat ki te 1 Jen 2020, biwo akò Bangladèch la te tranzisyone fonksyon li yo ak yon òganizasyon lokal ki fèk etabli. Yo relel Ready-Made-Garment Sustainability Council (RSC). Malgre ke yo etabli RSC li pap ranplase aplikasyon pwogram sekirite konsenan konnstrisyon ki te preskri nan dènye akò ki te siyen an. Obligasyon mak rad yo anba akò a tojou rete an vigè epi yo pap chanje jiskaske ke akò a ekspire nan dat ki ap 31 Out 2021—aprè konklizyon yon
twa mwa ekstansyon.

Sendika ak defansè dwa travayè yo te pwopoze yon akò obligatwa ki pou siksede ak kontinye menm modèl akò Bangladèch la-kote li te evite dè santèn, pwobableman dè milye de lanmò travayè kote anpil faktori te bezwen renovasyon—epi elaji modèl la nan lòt peyi tankou Pakistan kote rad, epi lavi travayè yo tojou an danje.

Siksè ak bon rezilta negosyasyon ki te fèt nan ane 2021 an te asire ke gwo pwogrè akò a te bay nan Bangladèch kontinye epi toujou pwolonje. Nouvo akò entènasyonal sekirite konsenan konstriksyon pou 26 mwa a ki te antre an aplikasyon nan dat ki te 1 Septanm 2021 ap kenbe menm eleman enpòtan ki te nan modèl revolisyonè ki te etabli pa akò Bangladèch la. Li genyen ladanl angajman legal epi ekzijib mak yo, sipèvizyon endepandan pou detèmine konfòmite mak yo, obligasyon pou peye yon frè bay faktori ki founise rad yo pou sipòte ke espas travay byen sekirize, epi obligasyon pou sispann fè biznis ak nenpòt faktori ki refize opere san danje striktirèl batiman yo. Modèl sa a, ki te sove lavi plizyè moun nan Bangladèch, pral tou elaji nan lòt peyi kote lavi travayè yo rete chak jou tojou nan risk. Plis pase 170 konpayi rad te siyen nouvo Akò Entènasyonal pou Sante ak Sekirite nan Endistri Twal ak Rad.

Wòl WRC

WRC kontinye jwe yon wòl enpòtan nan aplikasyon ak ranfòsman akò a. Antanke yon temwen siyatè nan Komite Direktwa Akò a, WRC travay ak manm komite direktwa yo pou asire ke prensip akò ap egzekite byen e ke enspeksyon ak reparasyon batiman faktori yo fèt alè.