Baz Done Faktori yo

Nan efò pou WRC amelyore transparans nan endistri tekstil nan mond lan, nou pibliye yon baz done sou sit entènèt nou an konsènan faktori rad atravè mond lan ki pwodwi machandiz ak ekipman ki pote non ak logo kolèj ak inivèsite ki afilye avèk òganizayon an.Baz done a gen ladanl non ak kote faktori yo ye, pwodwi yo pwodwi yo, ak lòt enfòmasyon. Ou ka antre nan baz done a lèw klike isit la.

Pou itilize baz done sa a, ou dwe gen konesans kèk mo debaz nan lang Anglè.

Pou chèche konnen faktori ki pwodwi pou yon inivèsite espesifikman, chwazi non inivèsite sa a nan meni ki di:SCHOOL.

Pou jwenn faktori ki pwodwi pou yon mak espesifikman, chwazi non mak sa a nan meni ki di:LICENSEE.

Pou jwenn faktori ki pwodui nan yon peyi, chwazi non peyi sa a nan meni ki di: COUNTRY.

Pou chèche pou yon faktori an patikilye, tape non faktori sa a nan bwat kote li di: FACTORY.

Ou kapab fè yon rechèch tou avèk konbinezon kenpòt meni meni ki mansyone pi wo a.

Aprè ou ou fini antre enfòmasyon yo, ou ka wè rezilta rechèch la nan fason sa yo:

Pou wè sèlman yon lis faktori ki pwodwi pou yon lekòl espesifikman, klike sou GROUP BY, epi chwazi SCHOOL.

Pou wè sèlman yon lis faktori ki pwodwi pou yon peyi espesifikman, klike sou GROUP BY, epi chwazi COUNTRY.

Pou wè sèlman yon lis faktori ki pwodwi pou yon mak espesifikman, klike sou GROUP BY, epi chwazi LICENSEE.

Pou ou wè lis faktori yo, klike sou GROUP BY, epi chwazi FACTORY. Sa ap chwazi otomatikman.