Konsènan Nou

Photo : Marcel Crozet / ILO

Photo : Marcel Crozet / ILO

Worker Rights Consortium (WRC) se yon òganizasyon endepandan ki siveye ak enspekte dwa travayè ki travay nan faktori ki fè rad yo. Nou envestige kondisyon travay faktori ki fè rad atravè mond lan.Objektif nou se pou dokimante ak konbat move kondisyon nan faktori yo; idantifye ak ekspoze move pratik, abi dwa travayè pa gwo mak ki fe rad yo ak mchann detayan oubyen magazen ki vann rad yo ap pèpetye nan faktori yo. Finalman nou pran mezi pou pwoteje dwa travayè ki fè rad yo ak lòt pwodwi nan faktori sa yo.

WRC mennen envestigasyon ki endepandan de faktori yo epi ki santre sou dwa imen travayè yo; nou pibliye rapò piblik sou faktori ki pwodwi pou gwo mak rad nan mond lan; epi ede travayè nan faktori sa yo nan yon fason pou yo ka mete fen nan vyolasyon dwa travayè nan faktori sa yo.WRC gen envestigatè nan douz peyi nan mond epi travay an patenarya ak plizyè santèn òganizasyon sosyete sivil nan Sidès Azi, Azi de Lès, Azi di Sid, Amerik Latin, Karayib la, epi an Afrik.

Meyè kondisyon travay ak pi bon salè pou travayè faktori rad nan mond lan mande pou gen yon chanjman sistemik ki fèt nan chèn pwodiksyon faktori ki fè rad yo-se yon chanjman ke gwo mak ki fè rad yo ak magazen ki vann rad yo pap janm pran konsyans pou fè volotèman. Se pou tèt sa, anplis de travay enspeksyon ke WRC fè nan faktori yo, WRC devlope strateji pou etabli ak siyen akò obligatwa ant reprezantan travayè yo epi kòporasyon mondyal yo ki pwodi ak vann rad yo. Nou trouve nou nan yon kondisyon ekonomik global kote ranfòsman dwa tavayè yo pa respekte, epi kote pwogram volontè ke gwo mak yo etabli- "responsabilite sosyal antrepriz"- pou konbat vyolasyon dwa travayè yo toujou echwe pou pwoteje travayè yo. Nan fason sa a akò endepandan tankou-Akò Entènasyonal pou Sante ak Sekirite nan Endistri Twal ak Rad-ke WRC te ede kreye epi mete an aplikasyon se yon mekanis ki montre kapabilite pou jenere pwogrè ki konkrè nan defann dwa travayè faktori rad yo.

WRC te fonde nan ane 2000 an asosiyasyon avèk plizyè ekspè entènasyonal dwa travay, elèv inivesite, ak dirijan inivèsite yo. WRC ede inivèsite yo fè respekte ak ransfòse akò obligatwa ke faktori, ak gwo mak rad yo te adopte ak siyen ki te pwomet ke tout pwodwi rad ak lòt machandiz ki gen logo inivèsite yo a dwe pwodi nan yon kodisyon ki respekte dwa imen a estanda entenasyonal dwa travayè faktori ki pwodwi ekipman sa yo. WRC gen plizye inevèsite nan peyi
Kanada avek Etazini ki fe pati de akò sa a. WRC travay tou ak antite gouvènmantal, gen ladan yo gouvènman minisipal ak fon pansyonè ki ap chèche yon fason pou fè respekte estanda dwa moun nan tout mond lan.