Pote Yon Plent
WRC envestige kondisyon travay nan faktori ki pwodwi rad ak lòt pwodwi pou inivèsite afilye ki nan Kanada ak Etazini. Nou menen envestigasyon sa yo lè yon travayè pote plent oswa si WRC
reswvwa enfòmasyon nan men yon aktè konsène ki endike pwoblèm ak move kondisyon nan yon faktori. Pwosesis envestigasyon WRC yo enkli entèvyou ak travayè deyò espas travay yo
oubyen nan yon kote travayè yo santi yo konfòtab pou pale. Nou konpile tout dokiman ki enpòtan pou envestigasyon yo. Pa fwa nou rantre an kominakasyon avèk jeran faktori yo, epi lòt sous de komikasyon ki relevan pou envestigasyon yo. Si aprè fen envestigasyon an WRC jwenn vyolasyon nan yon faktori, WRC gen poul fè rekòmandasyon pou korije vyolasyon ki ap fèt andedan faktori a.
Anjeneral, plent travayè vin jwenn WRC atravè òganizasyon non-gouvènmantal oswa sendika ki toujou an kontak ak anplwaye WRC yo. Men, travayè yo, oswa reprezantan travayè yo tojou kapab soumèt yon plent bay WRC lè yo ranpli fòm sa ki sou entenèt la:
Tanpri nou vle fè ou konnen ke nou kenbe non ak adrès ke ou pataje avèk nou an konfidansyèl. Nou pap pibliye okenn enfòmasyon konsènan dosye sa ou a san ke nou pa genyen pèmisyon fomèl ou. Nou ap itlize enfòmasyon ke ou pataje avèk nou an pou fè swivi avèk ou kosenan de plent ou pataje avèk nou an sèlman.
WRC pa fè envestigasyon pou tout plent nou resevwa. WRC evalye plizyè faktè lè li ap deside si li ta dwe kontinye ak yon ankèt, sa enkli gravite swadizan vyolasyon an, kantite travayè ki afekte pa vyolasyon an, pèspektiv òganizasyon lokal non-gouvènmantal ki gen konesans sou plent lan ak kredibilite akizasyon ki fèt yo. Nou asese tou si mak yo oubyen faktori ki akize nan plent lan gen rapò ak inivèsite afilye yo. Pwen asèsman sa yo se yon fason pou nou asire ke li posib pou devlope yon pwogram aksyon korektif efikas, epi pou nou asire si travayè yo pou tèt pa yo sipòte ankèt envestigasyon an.