Mete Fen Nan Travay Fòse Kont Popilasyon Uyghur yo
Gouvènman Chinwa a ap abize popilasyon Uyghur ak lòt pèp Latiki epi lot Mizilman ki se yon majorite nan yon rejyon an Lachin. Abi sa yon konsidere kòm krim kont limanite selon lwa entènasyonal. Plizyè mak ak magazen rad angaje nan abi sa a epi ap pran avantaj kriz grav dwa moun sa yo.Travay fòse ekzije pa leta Lachin ap fèt toupatou nan rejyon Xinjiang Uyghur ki se rejyon otonòm pèp Uyghur yo. Anplis de sa gen lòt abi grav sou dwa moun, tankou: mas
detansyon abitrè, endoktrinasyon politik fòse, separasyon familyal fòse, ak siveyans politik.
Sektè tekstil la se yon pwen fokal nan pwogram travay fòse gouvènman Chinwa a.Pi gwo risk travay fòse pou endistri tekstil nan mond lan pa nan nivo koud rad nan faktori yo, pito pi gwo risk la sityel nan pwodiksyon koton ak fil.Rejyon pèp Uyghur Lachin nan se youn nan pi gwo sous pwodiksyon koton nan mond lan, se youn nan rezon ki menen a gwo trajedi sa a statistikman.
An 2020, apeprè youn sou senk rad koton nan mache rad mondyal la te gen kontni konton ki soti nan Rejyon pèp Uyghur yo. Akoz de sa, gen yon gwo risk ke rad konton sa yo fèt ak travay fòse pèp Uyghur nan peyi Lachin.
Gen kat fason, souvan kwaze, ke gwo mak rad yo ak gwo magazen ki vann rad kontribye nan kriz travay fòse pèp Uyghur a nan peyi Lachin:
- Atravè relasyon komèsyal ki gen pou wè ak nenpòt enstalasyon pwodiksyon manifakti ki sitiye nan Rejyon pèp Uyghur a pou fè rad oubyen pwodwi lòt machandiz ki itilize koton;
- Atravè relasyon komèsyal ak konpayi ki baze andeyò rejyon pèp Uyghur yo, men ki gen kontraktè oswa operasyon ki sitiye nan rejyon pèp Uyghur yo, epi kontraktè sa to aksepte sibvansyon gouvènman Chinwa ak/oswa anplwaye travayè ke gouvènman Chinwa mande oubyen fòse anplwaye;
- Atravè relasyon komèsyal ak konpayi ki anplwaye moun nan yon espas travay andeyò rejyon pèp Uyghur yo, men travayè sa yo soti nan rejyon pèp Uyghur yo ke gouvènman Chinwa a voye travay nan konpayi sa yo evolontèman;
- Atravè relasyon komèsyal ak konpayi nan peyi Lachin oubyen nan mond lan ki itilize pwodwi ki soti nan rejyon pèp Uyghur yo; tankou, twal, fil, oswa koton.
Akoz de nivo ekstrèm represyon ak siveyans nan rejyon an, mekanis ke mak rad yo ak gwo konpayi ki vann rad yo konn itilize pou asire ke chèn apwovizyonman yo pa itlize travayè fòse—tankou enspeksyon dwa travayè nan faktori yo-vin konpletman enposib nan kontèks sa a. Se paske li pa posib pou yon travayè pale franchman ak yon envestigatè endepandaman san yo pa panse ak posibilite vanjans oswa reprezay. Akoz de sa, sèl fason ke yon mak rad ak
magazen kap van rad yo ka asire ke yo pa konplis nan travay fòse pèp Uyghur yo se si yo deside sòti nan rejyon konplètman nan tout nivo chèn apwovizonman ak pwodiksyon ekipman. Soti nan koton rive nan pwodwi fini, yo dwe mete fen nan relasyon komèsyal ak tout konpayi ki enplike nan kriz travay fòse rejyon pèp Uyghur yo—Yo dwe swiv Lwa sou Prevansyon Travay Fòse Kont pèp Uyghur ke Leta Ameriken egzije ak tout enpòtè ki rantre ak pwodwi Ozetazini.
WRC se yon manm Komite Dirijant nan Kowalisyon pou Mete fen nan Travay Fòse nan Rejyon Uyghur. Kowalisyon sa a fèt ak divès òganizasyon dwa moun, dwa travay, ak òganizasyon ki ap defan dwa pèp Uyghur yo.