Vyolans ak Diskriminasyon ki baze sou sèks
Nan mond lan, yon laj majorite travayè ki pwodwi rad faktori yo se fanm. Travayè fanm yo fè fas ak lòt defi anplis de defi ke tout travayè sibi. Nan yon efò pou evite depans ak benefis legal ki gen pou wè ak gwosès, manadjè faktori yo souvan revoke travayè ki vin ansent, pafwa menm fòse tout anplwaye ki se fanm fè tès gwosès anvan yo anplwaye yo. Menm si yo kite fanm ansent kontinye travay dè fwa, yo souvan refize yo benefis ki obligatwa dapre lalwa nasyonal, tankou konje matènite, gadri, ak tan pou bay pitit yo tete.
Travayè fanm yo fè fas tou ak asèlman seksyèl ak abi nan men manadjè yo. Epi yo riske revoke yo si yo reponn non ak avans seksyèl sa yo, oswa rapòte asèlman sa yo bay siperyè manadjè sa yo. Paske pifò travayè yo se fanm nan pifò faktori e paske pifò manadjè yo se gason, abi vèbal travayè fannm sa yo fè fas vin yon jan seksyèl de nati. Manadjè yo souvan ensilte fanm yo ak jouman seksyèl.
Vyolans ak abi seksyèl pa fèt san rezon: risk vyolans ak abi seksyèl yo souvan ogmante akoz oubyen nan kontèks kote travayè yo pa ka gen pouvwa pou egzèse dwa yo pou yo negosye kolektivman ansanm ak òganize kolektivman.
WRC konbat diskriminasyon ak asèlman seksyèl pa reponn ak epi pa dokimante vyolasyon kont dwa fanm yo, epi fè presyon sou gwo mak rad yo ak pwopriyetè faktori yo pou asire ke founisè yo sispann nenpòt pratik diskriminasyon ki baze sou sèks oswa asèlman ak abi seksyèl.
Akò Obligatwa pou Konbat Vyolans ak arasman ki Baze sou Sèks
Nien Hsing (Lesto)
Dat ki te 15 out 2019, yon seri akò trè enpòtan te siyen ant dirijan gwo mak rad nan mond lan, kowalisyon travayè sendika ak defansè dwa fanm, ak Nien Hsing, yon gwo pwodiktè jeans abako nan mond lan pou konbat vyolans ki baze sou sèks ak asèlman ak abi seksyèl nan Lesoto.
Akò yo te etabli Workers' Rights Watch, yon òganizasyon envestigasyon endepandan, ki gen responsablite pou mennen ankèt sou akizasyon vyolans ak asèlman ki baze sou sèks nan tou faktori ke Nien Hsing posede nan Lesoto epi li te redije aksyon korektif espesifik ki ka rive jiska revokasyon nan travay si yon trvayè ta vyole kòd konduit sa. Akò yo te etabli yon liy enfòmasyon telfonik gratis—liy telefonik sa a dirije pa yon òganizasyon dwa fanm nan yon fason
pou travayè fanm yo ka aprann plis sou pwogram nan epi rapòte ensidan vyolans ak asèlman ki baze sou sèks san danje e san yo pa pè vanjans. Akò yo te etabli tou yon pwogram edikasyon konsyantizasyon ki gen ladann yon atelye fòmasyon pou 2 jou sou ki pale ak fòme travayè sou vyolans ak ak asèlman seksyèl , kòd de kondwit pwogram nan, epi fason pou travayè yo rapòte vyolans ki baze sou sèks pou tout an anplwaye ki travay pou Nien Hsing. Nan yon ason pou rekonèt enpòtans wòl ak kapasite travayè yo pou yo aji kolektivman pou pwoteje dwa yo nan chanje abi ki baze sou sèks akò a tou mete sou pye ak pwoteje dwa asosyasyon travayè yo. Epi akò entèdi nenpòt fòm pratik anti-sendika oswa entèferans ki ta pa pèmet travayè yo egzèse dwa pou yo òganize kòm travayè.
Jan sa te endike nan rapò piblik ki te pibliye nan ane 2023 a, akò sa yo te pèmèt travayè yo reyalize yon chanjman fondamantal nan Nien Hsing. Apa de Lesoto, akò sa yo vini kòm yon presedan vital nan batay kont vyolans asèlman. ki baze sou sèks andedan faktori nan mond lan.

Natchi Apparel (Peyi Zend)
Nan mwa Janvye 2021, yon sipèvizè gason te touye yon jèn travayè fanm nan faktori Natchi Apparel nan peyi Zend. Natchi te genyen kliyan tankou H&M, Authentic Brands, Walmart, ak Marks & Spencer, sitiye nan Tamil Nadu, yon eta kote kliyan rekonèt ke gen anpil vyolans ak asèlman seksyèl. Apre asasina a reprezantan travayè yo ak yon gwoup defans entènasyonal te lanse yon efò atravè lemond pou ekspoze reyalite abizif sa yo nan Natchi epi pou te mande yon chanjman. Mouvman sa a te kondwi kek òganizayon ak dwa travay tankou: Tamil Nadu Textile and Common Labour Union (TTCU), Asia Floor Wage Alliance (AFWA) ak Global Labour Justice - International Labour Rights Forum (GLJ-ILRF). Sou demann ansanm òganizasyon sa yo, epi demann kèk mak rad ki te gen enterè an eta sa, WRC te mennen yon ankèt sou vyolans ak asèlman seksyèl ki te genyen nan faktori sa a. Ankèt nou an te idantifye ke te genyen yon atmosfè de vyolans ak asèlman seksyèl nan faktori a. Nan atmosfè sa a, nou te idantifye de lòt ka kote lanmò vyolant 2 travayè fanm te parèt lye ak move kondisyon travay nan faktori a.
Apre nou te fini envestigason konsènan de atmosfè voyalans ki te gen nan faktori a, WRC te kontakte ak voye yon rapò bay tout aktè ki te gen enterè nan faktori sa a, epi nou te dakò pou sispann piblikasyon rapò sa a piplikman pou te pèmèt negosiyasyon kontinye ant diferan aktè ak intans ki konsène yo pou yo te ka mete sou pye yon akò obligatwa pou pwoteje dezomè dwa tout travayè yo nan Natchi. Nan mwa ki te Avril 2022, TTCU, AFWA, GLJ-ILRF; pwopriyetè
faktori a; ak H&M te anonse akò a. Akò a te etabli yon pwogram solid ki landan fòmasyon, ak prezantasyon otonomite travayè pou ka geyen envestigasyon ki efikas, san patipri ak ratrapaj plent travayè yo lè yo fè yon akizayon de vyolans ak asèlman seksyèl kont kèk man nan faktori a.Reprezantan travayè ap jwe yon wòl santral nan pwogram ke yo te etabli a. Epi li obligtwa pou pwopriyetè faktori pran agajman pou respekte kondisyon obligatwa pou biznis nan mentni kontral ak H&M ke ligenen pou plizyè ane.
Envestigason WRC te fè sou dosye sa a pou te indantifye abi sa yo, epi akò ki te vin siyen aprè sa pou konbat ak elimine abi sa yo te sijè ak yon ekspoze nan yon atik pwofon ki te piliye nan jounal Guardian ki nan peyi wayòm ini.
Nan yon endistri rad an mond lan kote vyolans ak asèlman ki baze sou sèks gaye toupatou, akò sa yo reprezante yon angajman obligatwa pa pwopriyetè faktori yo ak reprezantan mak rad yo ak reprezantan travayè yo ki pral pwoteje mendèv oubyen travayè yo kont abi. Etandone prevalans vyolans ak abi seksyèl nan chèn apwovizoman ekipman pou rad yo, endikatè ki pi enpòtan nan responsablite antrepriz la se pa si pwoblèm sa a egziste nan yon konpayi, men li se pito si konpayi an ak achtè li yo ap chèche mwayen ki solid ak inovativ pou rezoud pwoblèm sa yo . Poun bayo kredi, pwopriyetè H&M ak Natchi an patenarya ak reprezantan travayè yo ap chache mwaen pou fè sa.